Clicky

  1. Home
  2.  | 
  3. Uncategorized
  4.  | Koman Nou Kontinye fè Swen Sante aksesib pou tout moun

Koman Nou Kontinye fè Swen Sante aksesib pou tout moun

Chanje atik sa a English / Español

Anpil nan pasyan nou yo ak manm kominote a fè konnen enkyetid yo konsènan lwa tounèf nan eta Laflorid ak kijan yo afekte aksè a swen medikal pou imigran yo, granmoun ak timoun minè ki transjanr oswa ki pa viv selon sèks yo fèt avèk li a (transgender minor). Nou konpile lis enkyetid ak kesyon moun poze pi souvan konsènan nouvo lwa yo ak konsekans yo sou sèvis nou yo nan Care Resource.

Li enpòtan pou sonje Care Resource ap kontinye akeyi tout moun ki nan kominote nou, ki gen ladan l imigran, LGBTQ+, moun ki chanje sèks ak moun ki pa viv selon sèks yo fèt avèk li a. Sa vle di nou ofri sèvis swen sante ki konfidansyèl, bon mache, aksesib a tout moun kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo, preferans seksyèl yo, sèks yo, relijyon yo oswa mwayen yo pou peye.

 

FASON NOU PWOTEJE ENFOMASYON PRIVE OU AK SITIYASYON IMIGRASYON OU:

Nouvo lwa Laflorid konsènan Imigrasyon (SB1718) egzije gen rapò ki fèt sou moun ki pa gen papye imigrasyon epi ki resevwa swen medikal nan lopital ak saldijans leta finanse yo. Poutèt sa, Care Resource, ki se yon Sant Sante Kominotè (Federally Qualified Health Center, FQHC), pa gen obligasyon pou rapòte, adopte nouvo pwosesis, oswa chanje fason nou bay sèvis medikal yo anba lwa sa a.

1. Èske mwen kapab vin yon pasyan Care Resource kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon mwen?
Wi, sitiyasyon imigrasyon ou pap anpeche ou chèche swen sante primè ak lòt sèvis medikal nan sant sante nou. Nouvo lwa sa a PA afekte Sant Sante Kominotè yo (FQHC), klinik gratis yo, pwofesyonèl swen sante primè yo, oswa espesyalis medikal yo. Se sèlman lopital leta finanse yo ki afekte.

2. Èske Care Resource ap rapòte stati imigrasyon mwen ba otorite imigrasyon yo?
Non, sant sante nou PAP rapòte enfòmasyon ki idantifye kliyan/pasyan oswa enfòmasyon sante ki pwoteje (protected health information, PHI) tankou non, adrès, eta sante, elatriye.

3. Kijan yo pwoteje enfòmasyon sou sante pèsonèl mwen lè mwen vin yon pasyan Care Resource?
Paske li se PHI, enfòmasyon sou sante yon pasyan ak stati imigrasyon li pwoteje avèk Lwa 1996 sou Transferabilite ak Responsablite Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act of 1996, HIPAA). HIPAA pwoteje enfòmasyon sansib sou sante pasyan pou moun pa divilge enfòmasyon yo san konsantman pasyan an oswa san li pa konnen.

4. Mwen se yon imigran k ap viv avèk VIH epi m ap resevwa sèvis Ryan White nan Care Resource. Èske swen sante mwen pral afekte anba nouvo lwa sa a?
Non, sèvis Pwogram Ryan White yo pap chanje akoz lwa sa e rete louvri pou moun ki pa touche ase kòb ak moun ki pa gen papye imigrasyon epi ki ap viv avèk VIH.

5. Èske stati imigrasyon mwen pral afekte chans mwen pou resevwa sèvis Ijans nan yon lopital lokal?
Non, nouvo lwa sa a PA bay lopital yo dwa pou yo refize bay swen sante a nenpòt moun dapre stati imigrasyon moun nan.

6. Si mwen ale nan saldijans (ER) yon lopital gouvènman federal finanse, èske m ap gen obligasyon pou reponn kesyon sou stati imigrasyon mwen epi èske y ap divilge enfòmasyon pèsonèl mwen bay leta?
Nou ankouraje w pou kontinye chèche sèvis pou ijans jan ou te fè sa lontan epi lè sa nesesè.

  • Lopital oswa ER leta finanse yo dwe mande pasyan yo si yo prezan legalman nan Etazini. Men, nouvo lwa sa a PA egzije pasyan yo pou reponn kesyon sou stati imigrasyon yo pou yo kapab resevwa swen sante. Yon moun ka pa vle (refize) reponn kesyon konsènan “prezans legal”yo.
  • Dapre nouvo lwa a, Lopital la ap fè rapò chak trimès bay Administrasyon Swen Sante (Florida Medicaid), ki voye rapò chak ane bay Gouvènè a ak Lejislati Laflorid. Rapò a pra l gen ladan kantite moun ki pa gen papye imigrasyon ki resevwa sèvis nan lopital la oswa nan ER (admisyon ak vizit) ak kantite lajan total pou sèvis yo bay san yo pa resevwa pèman. Rapò a PAP gen ladan non pasyan an ak lòt enfòmasyon ki kapab idantifye li.

Mwen gen plis kesyon konsènan sitiyasyon pa m ak kalifikasyon mwen pou resevwa sèvis nan Care Resource, ki moun mwen ta dwe kontakte?
Tanpri kontakte Depatman Sèvis Sosyal nan nimewo 305-576-1234, ekstansyon 107 (Broward) oswa ekstansyon 454 (Miami-Dade).

KONTINYASYON SWEN KI ANRAPÒ AVÈK AFIMASYON SÈKS POU ADILT YO AK TIMOUN MINÈ YO (Gender-affirming care and transgender minor)

Lwa Sena Laflorid (SB 254) enpoze nouvo pwosedi pou bay konsantman alekri pou swen ki anrapò avèk afimasyon sèks pou adilt (gender-affirming care for adults) epi li egzije pou se yon doktè fas-a-fas ki bay tout swen sa yo. Answit, lwa a entèdi swen anrapò avèk afimasyon sèks (gender-affirming care) pou nenpòt moun ki poko gen 18 lanne.

Nan dat 6 Jwen 2023, yon tribinal federal te pibliye yon premye entèdiksyon pou kanpe ranfòsman entèdiksyon Laflorid sou swen sante pou timoun minè ki transjanr (gender-affirming care for transgender minors) epi tribinal federal la te fè konnen entèdiksyon an pa konstitisyonèl. Paske tribinal la te pran yon desizyon ki endike entèdiksyon Laflorid la pa konstitisyonèl, Leta pa ka ranfòse lwa a oswa règ Konsèy Lòd Doktè yo pou entèdi jèn moun ki tranjanr resevwa swen sante ki asosye avèk afimasyon sèks yo epi ki nesesè pou rezon medikal.

Sa vle di pwofesyonèl swen sante yo ki toupatou nan Laflorid ka bay swen ki nesesè pou rezon medikal pou jèn moun ki tranjanr pandan pwosè a ap kontinye. Repons pou kesyon ki anba yo ka chanje dapre rezilta pwosè a

1. Èske yon pwofesyonèl sante Care Resource kapab wè pitit mwen pou pale de afimasyon sèks li epi èske pitit mwen ap kapab jwenn jan de swen sa yo?
Wi.

2. Èske Care Resource ap kontinye bay tretman ak swen pou adilt ki transjanr yo (transgender adult)?
Wi, Care Resource ap kontinye bay swen ki an rapò avèk afimasyon sèks pou adilt ki transjanr yo (gender-affirming care for transgender adults) atravè doktè nou yo, epi pasyan yo dwe prezan pou resevwa sèvis sa yo fas a fas.

3. Èske moun ki transjanr (transgender) ki gen asirans Medicaid kapab itilize asirans yo pou resevwa swen sante ak tretman nan Care Resource?
Wi.

4. Ki sa pou mwen fè si mwen pa gen mwayen pou m achte medikaman mwen oswa si asirans mwen p ap kouvri medikaman doktè mwen preskri mwen?
Nan Care Resource ekip jesyon dosye nou ak ekip famasi nou ap travay san pran souf pou vini ak solisyon pou tout moun, kèlkeswa kouvèti asirans yo (si yo pa gen asirans, si yo pa gen ase asirans, oswa si medikaman yo pa kouvri anba asirans) pou jwenn solisyon akseptab pou asire tout pasyan nou yo resevwa medikaman nesesè yo bezwen pou tretman yo.

Mwen gen plis kesyon konsènan sitiyasyon pa mwen ak kalifikasyon mwen pou resevwa sèvis ki an rapò avèk afimasyon sèks (gender-affirming care) nan Care Resource, ki moun mwen ta dwe kontakte? Tanpri kontakte pwogram Care Resource’s Project sTrenGth nan nimewo 786-761-2756 oswa imèl yo nan projectstrength@careresource.org. Nou te kreye pwogram Project StrenGth pou moun ki transjanr yo (transgender) pou sipòte yo e fasilite aksè yo a sèvis sante nan Broward ak nan Miami-Dade. Klike la a pou jwenn plis enfòmasyon.

Plis Resous:
Kat Dwa Konstitisyonèl daprè Sant Resous Legal Imigran yo

For media inquiries, please contact Jonathan Welsh, Associate Director of Communications and Development at jwelsh@careresource.org.

Test at home for HIV Enroll now
Leave a Lasting Tribute - The light remains memorial

Watch short health tips in our Health Videos resource page.

See our full list of health services by clicking on the link below or call 305-576-1234:

> Health Services

News

Information, events and news related to your healthcare

Google Analytics Alternative